Nou espere ke w renmen Rechèch nan Simityè yo. Tanpri sonje ke fonksyon sa a se pou eksperyans epi li gen sipò limite.
Rechèch Simityè
Familysearch gen yon baz done simityè entènasyonal ki toujou ap grandi ki konekte avèk pi gwo ab jeneyalojik anliy nan mond lan. Chache selon kote oswa non simityè pou w ka jwenn dènye kote manm fanmi ki mouri yo oswa yon lòt moun pa w.
Vizite Simityè yo
Simityè se yon lye reverans ak souvni, yon lye kote nou rann omaj a moun ki mouri epi rekonèt enpak yo te genyen sou lavi nou. Kote yo fè antèman yo, kote yo fè ensinerasyon yo, ak lòt moniman yo bay yon opotinite pou nou aprann plis sou zansèt nou yo ak istwa yo.
Kijan pou w itilize sit intènèt sa a
Chache pou w jwenn simityè ki enterese w yo. Nan chak paj simityè, w ap kapab chache zansèt ou oubyen lòt moun ki te petèt antere oubyen onore ladan yo. W ap jwenn enfòmasyon jeneral sou simityè a tou, tankou lè ak adrès, ansanm ak lyen ki mennen nan paj dakèy simityè a pou plis enfomasyon sou sèvis yo ofri.