Tip Lokal FamilySearch yo

Sant FamilySearch yo
Sant FamilySearch yo ofri zouti ak resous pou rechèch sou istwa jeneyaloji ak fanmi ou. Yo ofri èd pèsonalize, aksè nan òdinatè ak sitwèb esklizif istwa familyal, epi imaj rejis istorik ki ka pa disponib lòt kote.

Bibliyotèk Afilye
Bibliyotèk afilye FamilySearch yo ofri resous tankou sa nou jwenn nan yon sant FamilySearch yo, tankou aksè nan koleksyon jeneyalojik dijital ekstansif FamilySearch. Bibliyotèk afilye lokal yo gendwa se yon bibliyotèk enstitisyon piblik oswa siperyè, achiv, mize, sant kiltirèl, oswa yon sosyete jeneyalojik oubyen istorik.

Bibliyotèk FamilySearch la
Lokalize nan Salt Lake City, Utah, Bibliyotèk FamilySearch se pami pi gran enstalasyon pou rechèch jeneyalojik nan mond lan. Anplis de yon pèsonèl rechèch antrene, li ofri aksè gratis nan yon gran koleksyon rejis jeneyalojik, liv, mikwofim, ak resous dijital. Bibliyotèk la ouvri pou piblik la san peye, ak kèk nan resous li yo disponib anliy.

Aksè nan FamilySearchKontni Esklizif nan Batiman Legliz yo
Ou ka jwenn aksè nan kontni esklizif [premium content] sant FamilySearch sou pwòp òdinatè w nan nenpòt chapèl Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo. Jis telechaje epi enstale ekstansyon Premium Content Sant FamilySearch la nanGoogle ChromeoubyenMozilla Firefox.
