Òdonans ki Pare:
Jwenn Non pou w Pote nan Tanp lan
Rasanble zansèt ou yo al jwenn Kris la atravè alyans sakre tanp yo.

Kisa Òdonans ki Pare ye?
Òdonans ki Pare asire ke w gen yon non pou w pote nan tanp lan—chak fwa. Avèk jis kèk klik, li fè rechèch nan ab jeneyalojik ou a ak nan lòt sous pou ba ou non imedyatman pou w ou ka konsantre sou sa ki pi enpòtan an: pwoche pi pre Kris la atravè sèvis tanp.
Kijan m ka itilize Òdonans ki Pare?
Chwazi maskilen oswa feminen.
Seleksyone òdonans ou vlefè a.
Enprime kat yo lakay ou oswa nan tanp lan.
Jwenn non ki pare pou tanp kounyea.
Kijan Òdonans ki Pare Fonksyone?
Avèk jis kèk klik, Òdonans ki Pare ap chèche:
- Ab jeneyalojik fanmi ki mouri ou yo ki bezwen pou travay tanp konplete pou yo.
- Non manm pawas ou yo ak fanmi nan pawas ou yo pataje.
- Non manm Legliz atravè mond lan pataje.

Pou kisa pou m ta itilize Òdonans ki Pare?
Òdonans ki Pare ede izaje tout nivo eksperyans jwenn non ki pare pou tanp ki te verifye ak tcheke pou evite diplikata pou asire ke travay la pare pou l fèt. Kit ou panse ke tout travay tanp lan deja fèt nan fanmi ou ou pa, Òdonans ki Pare ap jwenn yon moun nan fanmi ou, nan vwazinaj ou, oubyen nan mond lan ki gen yon travay ki bezwen konplete.


“Pandan ke travay tanp ak istwa familyal gen pouvwa pou beni moun ki sou lòt bò vwal la, li gen menm pouvwa a pou beni vivan yo tou. Li gen yon enfliyans rafinan sou moun ki angaje yo ladan l yo.”
Russell M. Nelson
Prezidan ak Pwofèt Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo
Kesyon yo Poze Souvan
Resous ki Disponib
Pou Pawas, Branch, ak Dirijan Pawas yo
Dekouvri resous ak direksyon jeneral pou dirijan pawas, branch, ak pieu. Ede manm legliz yo angaje nan istwa familyal ak òdonans tanp yo.
Aprann Plis ›Pou Konsiltan Tanp ak Istwa Familyal yo
Ede manm yo fè eksperyans benediksyon ki genyen nan dekouvri zansèt yo ak akonpli òdonans tanp yo pou yo.
Aprann Plis ›Èd ak Aprantisaj Adisyonèl
Aprann plis sou Òdonans ki Pare epi jwenn repons sou lòt kesyon.
Aprann Plis ›Òdonans ki Pare
Òdonans ki Pare se fason ki pi fasil pou tout manm yo rasanble lòt moun pou Sovè a nan jwenn avèk siksè non fanmi moun ki bezwen òdonans sali tanp yo.
