Apèl mwen: Konsiltan Tanp ak Istwa FamilyalKisa Ki Fokis Mwen?

Antanke konsiltan tanp ak istwa familyal yon pawas, ou ede moun yo ak fanmi yo vin jwenn Kris la pandan y ap patisipe nan travay tanp ak istwa familyal la (Manyèl Jeneral 25.2.4).

Etap ki anba yo ap ede w kòmanse.

Prezidan Dallin H. Oaks
"Doktrin Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo santre sou fanmi." Tanp lan esansyèl nan doktrin nou sou fanmi an. “Òdonans nou resevwa la yo pèmèt nou retounen kòm fanmi etènèl nan prezans Papa nou ki nan Syèl la.”

Prezidan Dallin H. Oaks, Levanjil Jezikri Ki Santre Sou Fanmi an

Toujou Konsantre Toudabò sou Sovè a

Lè w ap envite manm yo pou adore nan kay Senyè a epi akonpli òdonans pou zansèt yo, kòmanse avèk Sovè a. Pataje kijan alyans ak òdonans tanp yo lye nou avèk Sovè a, ede nou santi gidans ak rekonfò, epi fòtifye nou avèk pwoteksyon ak pouvwa Li.

Pou nan dispansasyon plenitid tan yo li ka ransanble tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la, ki se limenm.

Efezyen 1:10

Itilize Òdonans ki Pare

Ede manm yo itilize Òdonans ki Pare—fason ki pi fasil pou tout manm rasanble lòt moun pou Sovè a nan jwenn avèk siksè non fanmi pa yo ki bezwen òdonans sali tanp yo. Aprann Plis

Ajoute Sa W Konnen

Ankouraje tout manm pou senpleman ajoute sa yo konnen nan ab familyal yo—non, foto, evenman lavi yo, istwa, ak lòt souvni moun yo renmen ke yo ka rasanble pou Sovè a.

Dirijan k ap ede nouvo manm yo ak jèn yo prepare pou premye eksperyans batèm ak konfimasyon yo ka itilizeAsistan Non Familyal.

Resous Telechajab

LesonIni Fanmi yo pou Letènite

Plan leson sa a ka ede w anseye benediksyon ki vini atravè sèvis tanp ak istwa familyal.

Ale nan leson an