Tout moun gen foto familyal presye pou yo pataje.

Men, li tèlman fasil pou nouvo ak ansyen foto ak istwa familyal yo al fèmen nan yon kwen jis pou yo bliye yo. Prezève yo kouneya pou moun nan jenerasyon ka p vini yo ka jwi yo.

Kreye yon kont gratis pou kòmanse

Kisa ki nouvo nan Souvni FamilySearch?

Òganize pa sijè.

Òganize epi pataje nouvo ak ansyen foto ak souvni prefere w avèk Tag Sijè yo. Y ap ede w dekouvri foto enteresan ke lòt moun ajoute soun sijè ki chè pou ou tou.

Aprann Plis

Pataje yon.albòm.

Ajoute souvni nan yon albòm, epi chwazi pi bon aranjamn an. Apresa pataje albòm nan avèk lòt moun sou gwo rezo sosyal yo oswa atravè yon lyen pataje.

Kontinye jwi fonksyon ki pi popilè nou yo.

Siyale souvni enpòtan yo.

Ajoute nenpòt souvni oswa albòm pou pataje sou FamilySearch nan list Siyalman w yo, yon koleksyon nan Galri a Se yon mwayen senp pou w fasilman redekouvri souvni familyal enpòtan lòt moun pataje.

Aprann Plis

Kite moun wè souvni w yo.

Ajoute yon moun oubyen tag sou yon zansèt nan yon foto, dokiman, istwa, oswa anrejistreman odyo pou w ka pataje souvni sa a enstantaneman avèk lòt fanmi sou paj pwofil yon zansèt nan Ab Jeneyalojik Familyal a.

Aprann Plis

Jwi souvni familyal yo nan yon sèl plas.

Galri Souvni an se kote tout foto, istwa, dokiman, ak fiche odyo familyal yo ka sovgade ansekirite epi apresa pataje avèk lòt manm fanmi an.

Aprann Plis

Kaptire istwa familyal la pandan l ap dewoule

Ou pa janm konn kilè yon istwa oswa foto klasik oswa rekonfòtan ap prezante tèt li. Toujou pare avèk app mobil Souvni FamilySearch la. Se yon mwayen fasil pou konsève nouvo oswa ansyen foto fanmi yo ansanm ak dokiman eritaj ak istwa vokal yo.

Sovgade souvni valab yo avan l twò ta. Fanmi w ap rekonesan pou dè jenerasyon.

Prezève epi pataje souvni familyal ou yo. Kreye yon kont

oubyen konekte si w deja gen youn.