Fonksyon Souvni Esansyèl FamilySearch yo
Fonksyon sa yo ap ede w kreye yon koleksyon eritaj sou nouvo ak ansyen foto, istwa, dokiman, ak fichye odyo fanmi ou.
Eksplore Pouvwa Tag Sijè yo
Yon koleksyon souvni ka grandi rapid. Yon fason senp pou ede w kategorize ak jwi trezò familyal ou yo se itilize tag sijè yo.
Asiyen yon etikèt pèsonalize pou diferant kalite souvni pou w ka jwenn yo fasilman. Panse avèk yo kòm yon rakousi pou tonbe sou tèm ak sijè ki enpòtan pou ou yo.
Èske w Janm Pataje yon Albòm?
Albòm yo se yon gwon mwayen pou konbine ak pataje Souvni sou bagay tankou moun ak evenman. Moun ou pataje albòm avèk yo ka apresye souvni w yo youn pa youn oswa nan yon dyaporama.
Gwoupe Souvni yo selon moun, fanmi, evenman, oswa nenpòt lòt kategori. Se yon gwo fason pou w konsève istwa konplè sou yon zansèt oswa sou lavi yon manm fanmi. Albòm yo ka gen tout kalite souvni—foto, istwa, dokiman, ak fichye odyo—e ou ka mete yo nan lòd ou vle a.
Rakousi pou rive nan Souvni Prefere W yo
Siyalman yo se lyen pou ale nan souvni ak albòm ou vle revizite apre yo. Siyalman yo stoke nan Galri a.
Retounen fasilman nan souvni enpòtan yo ak menm albòm lòt moun ajoute. Se yon mwayen fasil pou redekouvri foto ak istwa ki enpòtan pou ou yo.
Rann Fasil pou Jwenn Moun avèk Etikèt sou Moun yo
Mete etikèt se fason ou idantifye moun ki parèt nan yon souvni. Sa pran jis yon minit, men apre w fin tag li, l ap pi fasil pou fanmi yo jwenn li kounyea ak nan lefiti nan Ab Jeneyalojik Familyal.
Klike sou yon foto, oswa tape non an nan “Kiyès ki nan Souvni sa a” pou w ajoute yon etikèt. Lè w tag yon moun, ou ajoute souvni an nan pwofil sa a.
Kenbe yo Tout Ansanm nan Galri a
Telechaje, òganize, epi aksede nan tout trezò familyal ou nan Galri a. Panse a li kòm sant kontwòl pou Souvni .
Oganize ak gade souvni w yo nan albòm. Ou ka deplase souvni yo ale nan achiv ou, epi kreye siyalman pou nenpòt evenman espesyal ou vle toujou jwenn fasilman.

