Kòm yon dirijan Legliz la, ou ede moun yo ak fanmi yo jwenn lapè ak fòs nan Jezikri pandan y ap adore nan tanp ak sèvi zansèt yo.


Toujou Konsantre Toudabò sou Sovè a
Lè w ap envite manm yo pou adore nan kay Senyè a epi akonpli òdonans pou zansèt yo, kòmanse avèk Sovè a. Pataje kijan alyans ak òdonans tanp yo lye nou avèk Sovè a, ede nou santi gidans ak rekonfò, epi fòtifye nou avèk pwoteksyon ak pouvwa Li. Aprann Plis
Pou nan dispansasyon plenitid tan yo li ka ransanble tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la, ki se limenm.
Efezyen 1:10

Itilize Òdonans ki Pare
Ede manm yo itilize Òdonans ki Pare—fason ki pi fasil pou tout manm rasanble lòt moun pou Sovè a nan jwenn avèk siksè non fanmi pa yo ki bezwen òdonans sali tanp yo. Aprann Plis

Ajoute Sa W Konnen
Ankouraje tout manm pou senpleman ajoute sa yo konnen nan ab familyal yo—non, foto, evenman lavi yo, istwa, ak lòt souvni moun yo renmen ke yo ka rasanble pou Sovè a.
Dirijan k ap ede nouvo manm yo ak jèn yo prepare pou premye eksperyans batèm ak konfimasyon yo ka itilizeAsistan Non Familyal.
Resous Sipò pou Dirijan Yo
Ede moun w ap sèvi yo vin pi pre Sovè a atravè istwa familyal.
Sipòte Nouvo Manm Yo
Gade kijan adorasyon nan tanp ak istwa familyal ranfòse lafwa epi ankouraje kondisyon disip pou tout lavi.
Gade KijanSipòte Timoun Ki pral Gen 12 an Yo
Dekouvri fason pou ede jèn yo prepare pou premye eksperyans tanp yo.
Aprann PlisAprann Plis

"Doktrin Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo santre sou fanmi." Tanp lan esansyèl nan doktrin nou sou fanmi an. “Òdonans nou resevwa la yo pèmèt nou retounen kòm fanmi etènèl nan prezans Papa nou ki nan Syèl la.”
Prezidan Dallin H. Oaks, Levanjil Jezikri Ki Santre Sou Fanmi an
1 sou 3