Sipòte Nouvo Manm Yo sou Chemen Alyans lan

“Devwa sakre nou se aksepte epi akeyi nouvo manm yo ak manm ki retounen yo. Pandan Senyè a ap akselere travay Li a, nou ta dwe renmen, nouri, epi sèvi moun ki aksepte levanjil Li a.”—Èldè Quentin L. Cook, “Senyè A Ap Akselere Travay Li A

4 Etap pou Nouvo Manm yo Apre Batèm

Pran kat etap sa yo nan premye semèn apre batèm etabli chemen pou ini fanmi yo pou letènite atravè òdonans ak alyans tanp yo.

1

Nouvo manm lan ta dwe konfime kòm manm Legliz la.

2

Nouvo manm lan ta dwe resevwa yon rekòmandasyon pou tanp pou batèm pa pwokirasyon. Si se yon gason, li ta dwe òdone nan Prètriz Aaron dabò.

3

Dirijan yo itilize Asistans Non Familyal pou ede manm yo pote yon non fanmi* nan kay Senyè a.

4

Yo ta dwe envite nouvo manm nan pou adore nan kay Senyè a avèk zanmi pawas li yo, si sikonstans yo pèmèt.

*Kòmanse avèk yon manm fanmi ou konnen, ki mouri pou elimine nesesite pou rechèch oswa teknoloji adisyonèl.

Fason pou Kontinye Sèvis Pastoral

Dirijan yo prezante nouvo manm lan bay yon konsiltan tanp ak istwa familyal.

Konsiltan tanp ak istwa familyal yo ede nouvo manm lan nan ajoute sa yo konnen nan FamilySearch, sa ki pral mennen nan nouvo opòtinite tanp nan Ordinances Ready.

Ede nouvo manm nan pou kontinye ale nan kay Senyè a regilyèman, kote sa posib, pou adore Bondye epi akonpli òdonans pou zansèt li yo.

Asistans Non Familyal pou Nouvo Manm Yo

Sèvi ak zouti senp sa a ki gide preparasyon ak enprime kat non familyal pou batèm ak konfimasyon tanp yo.

Pou w Kòmanse

Sèvis Pasotoral pou Nouvo Manm Yo

Rankontre yon fanmi ki fèk batize yo k ap ale nan tanp lan pou fè batèm pou manm fanmi yo ki mouri.

Gade kounye a