Avi sou Politik Global sou Vi Prive - FamilySearch

Mizajou 24 Mas 2026

FamilySearch International, yon sosyete san bi likratif nan Utah ki gen biwo prensipal li nan Salt Lake City, Etazini ("FamilySearch"), ki pran angajman sou rechèch istwa fanmi ak jeneyaloji. Lè nou di "nou", "noumenm" oswa "nou an", sa vle di FamilySearch. Nan Avi sou Vi Prive sa a, nou ba w enfòmasyon sou fason nou trete done pèsonèl ou yo.

Lè w kreye yon kont anliyn sou sit entènèt nou an ak sou aplikasyon nou yo (“Sit entènèt”) oswa lòt fason lè ou soumèt done bay FamilySearch, sa pèmèt ou jwenn aksè nan sèvis nou ofri yo ak sit entènèt nou an, tankou konstwi yon pyebwa jeneyalojik, konekte ak manm fanmi w, epi jwenn aksè nan pataje foto fanmi, dosye nimerik, istwa oral ki anrejistre, ak lòt souvni ou menm oswa fanmi w te soumèt, oswa ki soti nan sous piblik ak istorik nan tout monn lan.

FamilySearch respekte vi prive moun ki itilize sit entènèt nou an. Nan Avi sou Vi Prive sa a, nou idantifye done pèsonèl nou kolekte yo, rezon ki fè nou trete done pèsonèl yo, ak kondisyon nou yo pou tretman done yo respekte dwa ou genyen yo ak lwa ki aplikab yo. Nou ankouraje w pou li Avi sou Vi Prive sa a avèk anpil atansyon anvan w soumèt done pèsonèl yo ba nou. Etandone travay Sit entènèt nou an depann de tretman done pèsonèl ou selon Kondisyon Itilizasyon FamilySearch yo ak Akò Soumisyon Kontnian, tanpri li dokiman sa yo avèk anpil atansyon tou. Pou kreye yon kont, ou dwe dakò ak kondisyon sa yo ak Avi sou Vi Prive sa a. Si ou chwazi pou pa dakò, ou p ap kapab kreye yon kont ni jwenn aksè nan tout fonksyonalite Sit entènèt la.

1. Ki lès ki kontwole done pèsonèl ou yo?

Lè ou pataje done pèsonèl ou yo sou Sit entènèt nou an oswa lè ou angaje w nan entèraksyon oswa kominikasyon avèk nou, nou trete done pèsonèl ou yo antanke responsab done yo.

FamilySearch afilye ak Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo ("Legliz" la) epi Legliz la sipòte l kòm yon sèvis piblik. Lè ou kreye yon kont anliyn sou sit entènèt nou an, sa pa vle di p ap sipòte Legliz la ni afilye avèk li nan okenn lòt fason.

2. Ki done pèsonèl nou kolekte?

Nou kolekte done pèsonèl (a) ou soumèt yo; (b) lòt itilizatè yo soumèt yo; (c) nou anrejistre; epi (d) nou jwenn nan men lòt moun yo.

a. Done Ou Soumèt yo. Ou soumèt done pèsonèl yo ban nou, epi nou ka kolekte done pèsonèl ou soumèt yo, lè ou kreye yon kont sou Sit entènèt nou an, lè w mande materyèl FamilySearch yo, lè w mande aksè nan sèvis FamilySearch yo oswa a Sit entènèt la, lè w soumèt oswa telechaje done pèsonèl ou yo sou zouti FamilySearch yo oswa sou Sit entènèt la (pa egzanp, lè w ap konstwi pyebwa jeneyaloji w lan), oswa lè ou angaje nan lòt entèraksyon oswa kominikasyon avèk FamilySearch. Lè ou kominike avèk FamilySearch epi ou kreye yon kont, an jeneral, nou trete non w, dat nesans ou, nimewo telefòn selilè w, adrès imel ou, kote w ye (pa egzanp, peyi w), ak sèks ou. Ou ka soumèt tou done kont ak done enskripsyon yo pou nou trete, tankou non itilizatè w, non afichaj ou, modpas ou, adrès imel ou, ansanm ak paramèt ak preferans ou yo.

Lè ou itilize sèvis nou yo, ou ka chwazi tou pou soumèt lòt enfòmasyon pèsonèl pou ka patisipe sou pwòp inisyativ ou nan lòt aktivite jeneyalojik FamilySearch, tankou soumèt done jeneyalojik pèsonèl (pa egzanp, apèsi sou lavi, evènman lavi, lòt non, relasyon fanmi, enfòmasyon sou lavi, souvni, enfòmasyon biyografik), foto, souvni, dosye, ak enfòmasyon istorik sou ou menm ak fanmi w. Se ou menm ki chwazi ki done pèsonèl pou soumèt, epi, nan kèk ka, ou ka chwazi soumèt enfòmasyon ki ta ka konsidere kòm sansib, tankou orijin etnik, ras, orijin nasyonal, orijin relijye, sitwayènte, enfòmasyon medikal, oswa estati imigrasyon. Sepandan, ou pa ta dwe soumèt ni pataje okenn done sansib sou lòt moun ki pa tèt ou si moun sa yo toujou vivan.

b. Done Lòt Itilizatè yo Soumèt yo. Jan nou eksplike sa ak plis detay nan seksyon “Ak ki moun nou pataje done pèsonèl yo”, platfòm FamilySearch la pèmèt lòt itilizatè Sit entènèt la, tankou fanmi w, soumèt done pèsonèl ou ki pa sansib yo nan kad yon pyebwa jeneyaloji oswa nan lòt zouti ak fonksyonalite limite. Posiblite pou pataje enfòmasyon debaz sou manm fanmi yo esansyèl pou fè rechèch jeneyalojik epi pou konekte chèchè yo ak pyebwa jeneyaloji yo. Lè yon itilizatè soumèt done pèsonèl yon moun ki toujou vivan (“Done sou Moun Ki Vivan”) nan yon pyebwa jeneyalojik, okòmansman se sèlman itilizatè sa a ki ka wè Done sou Moun Ki Vivan sa yo. Nan kèk ka limite, itilizatè a ka kapab pataje done sa yo tou nan zòn ki gen restriksyon sou Sit Entènèt la ak yon kantite limite itilizatè nan yon anviwònman gwoup fèmen, ki aksesib sou envitasyon sèlman. Chak itilizatè responsab pwòp tretman pa yo pou nenpòt Done sou Moun ki Vivan yo soumèt oswa pataje sou Sit entènèt la, epi yo pral fè sa sèlman pou rezon pèsonèl pou dokimante ak fè rechèch sou istwa fanmi yo, jan Akò Soumisyon Kontni an ak Kondisyon Itilizasyon yo mande sa.

c. Done Nou Anrejistre aktemwen koneksyon yo. Lè ou vizite resous nou yo, sèvè nou yo (ki sèvi avèk fichye jounal oswa sistèm filtraj) ka kolekte enfòmasyon navigatè entènèt ou a voye chak fwa ou vizite sit entènèt nou an. Enfòmasyon sa yo ka gen ladan, men pa sèlman, adrès Pwotokòl entènèt ou (adrès IP), tip navigatè a, sistèm operasyon, preferans lang, yon paj wèb referans ou te vizite anvan w te antre sou sit entènèt nou an, dat ak lè chak demann vizitè, enfòmasyon w ap chèche sou resous nou yo, ak lòt enfòmasyon ki kolekte pa mwayen temwen koneksyon yo oswa teknoloji sanble yo. Tanpri gade zouti Preferans temwen koneksyon yo (Cookies) yo (“Preferans Cookies”) ki afiche sou chak aplikasyon mobil nou yo ak anba paj Sit entènèt nou an pou jwenn plis enfòmasyon. Preferans pou temwen koneksyon yo (Cookie) a pèmèt ou chwazi tip cookies nou itilize yo. Si ou pa aksepte cookies yo, ou ka pa kapab itilize kèk seksyon oswa fonksyonalite nan sit oswa aplikasyon nou yo, jan sa endike nan Preferans Cookie yo. Tanpri sonje tou ou pa ka dezaktive kèk cookies ki nesesè pou fonksyonalite debaz sit entènèt la. Lè ou itilize sit entènèt nou an, ou bay konsantman pou yo itilize cookie yo jan sa dekri nan Preferans Cookie yo. Ou ka chwazi pa aksepte sèten cookies yo itilize sou Sit entènèt nou an lè ou klike sou lyen Preferans Cookies ki nan pati anba paj sa a.

d.Done ki soti nan lòt pati yo Si ou se yon manm Legliz la, epi ou mande pou yo lye kont FamilySearch ou a ak kont anliyn ou nan Legliz la, nou ka resevwa done pèsonèl ou yo (pa egzanp, done sou enskripsuon nan Legliz la ak done sou kont ou nan Legliz la) nan men yon antite Legliz ki konsène.

Nan limit lwa ki aplikab yo pèmèt sa, nou ka jwenn tou done pèsonèl jeneyalojik ak istorik sou ou nan achiv oswa lòt sous ki disponib pou piblik la.

3. Ki jan nou trete done pèsonèl ou yo?

Nan pifò ka yo, nou trete done pèsonèl ou yo lè nou sèvi avèk mwayen otomatik (tretman otomatik), menm si nan kèk ka, nou ka trete done pèsonèl ou yo san nou pa sèvi avèk mwayen otomatik (tretman manyèl), oswa lè nou sèvi avèk yon konbinezon mwayen tretman otomatik ak mwayen tretman manyèl (tretman melanje).

Operasyon tretman nou fè sou done pèsonèl ou yo ka gen ladan, men pa sèlman, sa ki annapre yo: kolekte, anrejistre, òganize, estriktire, estoke, adapte oswa modifye, analize, rekipere, konsilte, itilize, transfere (transmisyon, aksè, divilgasyon), ki gen ladan transfè transfwontalye jan sa eksplike nan Avi sou Vi Prive sa a, aliyen oswa konbine, jenere done derive, limite, efase, oswa detwi done pèsonèl ou yo.

Nou pa pran desizyon konsènan ou ki baze sèlman sou tretman otomatik, ki gen ladan pwofilaj, ki ta gen gwo efè sou ou. Si fason nou itilize teknoloji otomatik yo chanje alavni, n ap mete Avi sou Vi Prive sa a ajou epi n ap asire transparans ki apwopriye a.

4. Pou ki rezon nou trete done pèsonèl yo?

Nou trete done pèsonèl ou yo nan kad Sit entènèt la ak sèvis FamilySearch ofri yo pou rezon sa yo:

  • Rechèch Jeneyaloji/Istwa Fanmi: Pou bay fòmasyon, resous, ak zouti pou ede ou menm ak fanmi w rejwenn zansèt nou yo ak liy fanmi nou, konstwi pyebwa jeneyaloji nou, fè rechèch sou istwa fanmi nou, epi konekte ak manm fanmi nou yo.
  • Prezèvasyon Dosye Istorik: Pou nimerize ak achive dokiman istorik, foto, objè istorik, ak dosye piblik pou jenerasyon k ap vini yo.
  • Dosye Istwa Fanmi: Pou anrejistre enfòmasyon enpòtan sou istwa fanmi, enfòmasyon istorik ak kiltirèl ki ta ka pèdi si sa pa fèt (pa egzanp, istwa oral).
  • Kominikasyon ak kolaborasyon: Pou pèmèt ou kominike epi kolabore avèk lòt itilizatè lè w ap fè rechèch sou istwa familyal, tankou nan fonksyonalite diskisyon nou an.
  • Administrasyon Sit Entènèt la:
    • Pou otantifye aksè w nan kont FamilySearch ou a ak lòt aplikasyon ak sèvis FamilySearch yo.
    • Pou kominike avèk ou, reponn kesyon w yo, epi ba w enfòmasyon konsènan pwoblèm teknik, pwoblèm sekirite, oswa lòt pwoblèm fonksyònman.
    • Pou konstwi epi amelyore Sit entènèt nou an, zouti nou yo, ak sèvis nou yo, ki gen ladan swiv analiz aktivite w yo sou Sit entènèt FamilySearch la.
    • Pou enfòme w sou nouvo aplikasyon ak sèvis FamilySearch yo, envite w patisipe, epi avèti w sou nouvo fanmi potansyèl nan pyebwa jeneyaloji w la.
    • Pou anpeche erè, fwod, oswa aktivite kriminèl epi fè respekte Kondisyon Itilizasyon nou yo.

5. Ki baz legal nou genyen pou trete done pèsonèl ou yo?

Nou fè efò pou nou asire nou gen yon rezon ki jis epi ki legal pou nou trete tout done pèsonèl nou kolekte yo. Baz legal nou pou tretman an ka varye selon seksyon Sit entènèt la; rezon ki fè nou trete done pèsonèl ou yo, ki gen ladan rezon ki dekri anwo a nan “Pou ki rezon nou trete done pèsonèl yo;” ak egzijans legal lokal yo nan jiridiksyon w lan.

Prensipal baz legal nou pou nou trete done pèsonèl itilizatè yo se konsantman, ke nou jwenn nan men w lè w kreye yon kont sou Sit entènèt nou an, detanzantan lè w telechaje done pèsonèl sou Sit entènèt nou an, oswa lè w ranpli lòt fòmilè kote ou soumèt done pèsonèl ou yo bay FamilySearch.

Nou ka trete done pèsonèl tou pou pwoteje enterè lejitim nou yo antanke yon òganizasyon rechèch jeneyalojik ki pa la pou fè pwofi, sa gen ladan lè sa nesesè pou nou bay yon platfòm pou fè rechèch jeneyalojik epi dokimante l, ansanm ak pou odit, analiz done, rezoud pwoblèm nan sistèm nan, reklamasyon legal, ak obligasyon reglemantè. Nan chak ka, n ap fè yon ekilib ant enterè lejitim nou yo ak dwa w ak libète w yo, epi n ap trete sèlman done ki nesesè pou reyalize objektif ki dekri anwo a.

Nan kèk zòn ki gen restriksyon sou Sit entènèt nou an, nou ofri yon platfòm fèmen kote itilizatè yo gen dwa pataje Done sou Moun ki Vivan an ak yon ti gwoup lòt itilizatè yo envite, jan sa nesesè pou fè rechèch jeneyaloji a. Nan seksyon sa yo, FamilySearch trete kontni itilizatè yo pwodui ki gen Done sou Moun Ki Vivan sou non itilizatè yo, selon enstriksyon itilizatè a. Nou pa trete ni itilize Done Moun Ki Vivan an pou pwòp rezon pa nou oswa pou detèmine baz legal pou tretman an. Chak itilizatè responsab pwòp tretman yo pou nenpòt Done sou Moun ki Vivan yo soumèt oswa pataje sou Sit entènèt la. Y ap fè w konnen lè w ap soumèt done nan youn nan seksyon sa yo (pa egzanp, pyebwa ki pou itilizatè a oswa pyebwa gwoup yo) epi y ap fè w sonje ou responsab pou nenpòt Done sou Moun Ki Vivan ou soumèt yo. 

Selon egzijans lokal yo nan jiridiksyon w lan, si w trete Done Moun ki Vivan yo nan kad yon aktivite ki totalman pèsonèl oswa ki fèt nan kay la, ou ka pa dwe respekte egzijans lwa sou vi prive yo. Sepandan, nan nenpòt ka, ou dwe gen dwa oswa otorizasyon pou pataje nenpòt Done sou Moun Ki Vivan ak lòt itilizatè selon Akò Soumisyon Kontni FamilySearch la ak Kondisyon Itilizasyon yo

6. Ak ki moun nou pataje done pèsonèl yo?

Ou ka anpeche nou pataje done pèsonèl ou yo oswa limite enfòmasyon nou pataje yo lè w modifye preferans pwofil ou yo oswa lè w kontakte nou atravè enfòmasyon nou bay anba a. Nou pataje done pèsonèl ou yo ak lòt pati yo nan sikonstans sa yo:

a. Founisè sèvis lòt pati yo Nou ka bay lòt pati yo done pèsonèl, ki gen ladan kèk oswa tout kategori ki idantifye nan Avi sou Vi Prive sa a, pou yo reyalize kèk fonksyon sou non nou antanke tretè done oswa sou-tretè (pa egzanp, tretman peman, antretyen, sekirite, analiz done, ebèjman, sèvis mezi, mesajri sou rezo sosyal ki baze sou done, sondaj, elatriye). Nan ka sa yo, selon Avi sou Vi Prive sa a epi jan lwa ki aplikab yo mande sa, nou egzije founisè sèvis yo sou baz kontra pou yo pwoteje done pèsonèl yo kont lòt tretman (tankou pou rezon piblisite) epi kont transfè. Pou jwenn yon lis tyès pati ki ka kolekte kèk nan done pèsonèl ou yo lè yo itilize cookie, tanpri gade Preferans Cookie yo. 

b. Afilye Legliz yo. Nan kèk sikonstans limite, nou ka pataje yon kantite limite done pèsonèl, tankou analiz ak done sou aktivite w yo sou Sit entènèt FamilySearch la, ak antite Legliz ki finanse nou yo pou devlope epi amelyore sèvis nou yo. Nan ka sa yo, yo pral retire non w sou done pèsonèl yo chak fwa sa posib. FamilySearch ka itilize tou kèk resous Legliz la pataje (pa egzanp, lojisyèl) pou jere done pèsonèl yo, men se sèlman anplwaye FamilySearch ki gen yon bezwen lejitim pou yo konnen done pèsonèl FamilySearch yo pou yo ka reyalize objektif FamilySearch yo dapre Avi sou Vi Prive sa a ki pral gen aksè nan done sa yo. Si ou se yon manm Legliz la epi ou lye volontèman enfòmasyon sou enskripsyon w nan Legliz la ak kont FamilySearch ou yo, ou dakò FamilySearch ka pataje done pèsonèl ou soumèt bay antite Legliz la ki konsène yo nan objektif pou dokimante òdonans yo ak travay tanp lan.

c. Itilizatè Sit Entènèt la. Pou pi byen pwoteje vi prive w, nou te prepare Sit entènèt la yon fason pou itilizatè yo gen dwa pataje done sou moun ki vivan an ak lòt itilizatè Sit entènèt la sèlman nan kèk zòn ki gen restriksyon sou Sit entènèt la, ki aksesib sou envitasyon sèlman. Nan seksyon restriksyon sa yo, ou ka chwazi rann kèk nan enfòmasyon jeneyaloji fakiltatif ou bay sou Sit entènèt la aksesib pou lòt itilizatè FamilySearch yo (pa egzanp, enfòmasyon ou telechaje nan pyebwa jeneyaloji w la). San demann oswa aksyon w, FamilySearch p ap rann done sou moun ki vivanou bay yo aksesib pou okenn lòt moun apa ou menm, moun ki te soumèt yo a. Ou dwe chwazi rann yo disponib (pa egzanp, lè w rantre nan yon gwoup epi ou pataje done pèsonèl nan gwoup sa a). Sepandan, ou pa ta dwe asosye souvni ki gen Done sou Moun Ki Vivan ak yon moun ki mouri nan yon pyebwa piblik. FamilySearch fè efò pou limite sitiyasyon kote w ka pataje Done Moun Ki Vivan yo pou respekte lwa ki aplikab yo epi pou pwoteje vi prive fanmi w yo.

Jan sa endike pi wo a, chak itilizatè responsab pwòp tretman yo pou nenpòt Done sou Moun ki Vivan yo soumèt oswa pataje sou Sit entènèt la. Lè w chwazi pataje Done sou Moun Ki Vivan ak lòt itilizatè yo, w ap konfime ou responsab done sa yo; ke w gen dwa oswa otorizasyon pou pataje done sa yo ak lòt itilizatè yo selon Akò Soumisyon Kontni FamilySearch la ak Kondisyon Itilizasyon yo; ke w pataje done sa yo sèlman pou rezon rechèch pèsonèl ak rejis familyal; epi pataj sa a fèt selon lwa ki aplikab yo

Ou ka ajiste vizibilite done pèsonèl yo pou lòt itilizatè FamilySearch oswa pou piblik la nenpòt lè pandan w modifye paramèt konfidansyalite w yo oswa lè w kontakte nou atravè enfòmasyon nou bay anba a. Tout souvni ki gen Done sou Moun Ki Vivan yo ta dwe regle sou “prive.”  

Sepandan, FamilySearch ka rann kèk done pèsonèl ki soti nan sous piblik ak istorik yo disponib pou piblik la lè lwa lokal ki aplikab yo pèmèt sa.

d. Egzijans Legal. Nou ka gen aksè ak divilge done pèsonèl ou yo, piblikasyon w yo, konvèsasyon w sou entènèt, nòt pèsonèl ou yo, kontni w yo, oswa lòt bagay w soumèt yo bay yon lot pati si nou kwè de bònfwa yon sitasyon, yon òdonans jidisyè oswa administratif, oswa lalwa mande sa yon lòt fason. Anplis de sa, nou ka divilge done pèsonèl ou yo ak lòt enfòmasyon jan lalwa mande sa oswa pou nou egzèse oswa defann dwa legal yo; pou nou pran prekosyon kont responsablite; pou nou pwoteje dwa, pwopriyete, oswa sekirite resous nenpòt moun oswa piblik la an jeneral; pou nou kenbe epi pwoteje sekirite ak entegrite sèvis nou yo oswa enfrastrikti nou an; pou nou pwoteje tèt nou ak sèvis nou yo kont itilizasyon ki fwod, ki abizif, oswa ki ilegal; pou nou mennen ankèt epi defann tèt nou kont reklamasyon oswa akizasyon tyès pati yo; oswa pou nou ede ajans gouvènmantal ki responsab pou fè respekte lalwa yo.

7. Ki kote nou estoke done pèsonèl yo?

Nou ka estoke done pèsonèl ou yo andeyò peyi kote w ap viv la, tankou Ozetazini, sou sèvè, nan solisyon estokaj sou sèvis estokaj sou entènèt, oswa nan lokal FamilySearch ak antite ki afilye avè l yo ki finanse li. Pou asire yon pwoteksyon apwopriye pou done pèsonèl yo transfere nan lòt jiridiksyon, nou konkli akò sou transfè ak tretman done ant FamilySearch ak founisè sèvis nou yo, antite afilye nou yo, ansanm ak achiv nou yo, lè lalwa egzije sa. Akò transfè sa yo gen ladan yo Kloz Kontra Estanda Komisyon Ewopeyen an apwouve, an konfòmite ak lwa Inyon Ewopeyen an, oswa lòt kloz jan lwa ki aplikab yo egzije sa (ou ka gen dwa revize yo si w kontakte nou atravè enfòmasyon ki nan fen Avi sou Vi Prive sa a).

8. Ki jan nou pwoteje done pèsonèl yo?

Nou itilize mezi teknik ak òganizasyonèl pou pwoteje done pèsonèl nou resevwa yo kont pèt, move itilizasyon, ak modifikasyon san otorizasyon epi pou pwoteje konfidansyalite yo. Nou revize pwosedi sekirite nou yo regilyèman epi nou konsidere dènye teknoloji ak metòd sekirite yo. Nou itilize tou dènye teknoloji kriptaj pou kripte transmisyon done yo sou paj koneksyon nou yo. Sepandan, piske nou pa ka garanti sekirite total teknoloji kriptaj sa yo, tanpri fè atansyon lè w ap soumèt done pèsonèl sou entènèt la.

9. Pandan konbyen tan nou konsève done pèsonèl yo?

Nou konsève done pèsonèl nou kolekte yo, ki gen ladan enfòmasyon nou kolekte atravè Sit entènèt la ak lòt enfòmasyon yo voye ban nou yo, pandan tout tan ki nesesè pou sipòte rechèch jeneyalojik, istorik ak estatistik, ansanm ak rezon achiv yo. An jeneral, sof si ou egzèse yon dwa pou efase oswa si lwa ki aplikab yo mande pou retire done yo yon lòt fason, nou kenbe done pèsonèl yo pandan peryòd sa yo: (a) 110 lane apati dat yo te kreye oswa yo te kolekte yo; oswa (b) nenpòt peryòd ki pi long lwa ki aplikab yo mande oswa pèmèt.

10. Ki jan ou ka egzèse dwa w yo nan sa ki konsène done pèsonèl ou yo?

Nou fè efò pou kenbe done pèsonèl yo egzat epi nou konte sou ou pou asire done pèsonèl ou yo ak nenpòt Done sou Moun Ki Vivan ou soumèt yo konplè epi egzat. Ou ka mande aksè nan done pèsonèl ou yo epi verifye, korije, oswa mete yo ajou, epi limite vizibilite done pèsonèl ou yo atravè enskripsyon w lan ki espesifik ak Sit entènèt la, atravè pwofil ou a, oswa atravè kont FamilySearch ou a, jan sa aplikab la. Pou revize opsyon sa yo, tanpri vizite paramèt kont FamilySearch ou yo isit la.

Selon jiridiksyon kote w ap viv la, lwa sou pwoteksyon konsomatè oswa lwa sou vi prive ka ba w lòt dwa konsènan itilizasyon done pèsonèl ou yo. Ou ka kontakte nou pou egzèse lòt dwa legal ou yo atravè enfòmasyon nou bay anba a. Dwa sa yo ka gen ladan yo:

  • Dwa pou jwenn aksè oswa dwa pou konnen – Ou gen dwa pou jwenn aksè nan done pèsonèl nou genyen sou ou yo epi pou mande sèten enfòmasyon sou fason nou trete yo. Ou gen dwa pou resevwa yon eksplikasyon sou (i) rezon ki fè nou trete done pèsonèl ou yo, (ii) kategori done pèsonèl nou genyen sou ou yo, (iii) moun nou pataje done pèsonèl ou yo avèk yo, (iv) kantite tan nou estoke done pèsonèl ou yo, epi (v) moun nou te resevwa done pèsonèl ou yo nan men l si se pa te dirèkteman nan men w yo te kolekte yo. Nou pral enfòme w tou sou dwa ou genyen nan zafè vi prive w lè lwa ki aplikab yo mande sa.
  • Dwa pou fè rektifikasyon oswa koreksyon – Ou gen dwa pou korije, mete ajou oswa konplete nenpòt done pèsonèl nou gen sou ou ki pa egzat oswa ki pa konplè. Tanpri sonje nou ka korije ni retire enfòmasyon ki pa konplè oswa ki pa egzat yo, nenpòt lè, jan lwa ki aplikab yo mande oswa pèmèt sa.
  • Dwa pou fè efase oswa Retire Enfòmasyon – Ou ka mande pou yo efase oswa retire done pèsonèl ou yo, jan sa apwopriye a. Nan ka sa a, si pa gen okenn baz legal oswa enterè lejitim ki pi enpòtan pou nou kontinye trete done pèsonèl ou yo, n ap efase done pèsonèl ou yo. Lè sa apwopriye epi lalwa pèmèt sa, ou gen dwa pou mande pou nou retire eleman ki idantifye w nan sèten enfòmasyon oswa pou nou fè yo anonim pou yo pa ka idantifye w ankò.
  • Dwa pou opoze ak tretman – Ou gen dwa pou w opoze ak fason nou trete done pèsonèl ou yo lè nou ap baze nou sou yon enterè lejitim oswa si n ap trete done pèsonèl ou yo pou rezon maketing dirèk.
  • Dwa pou Limite Tretman – Nan kèk sikonstans, ou gen dwa pou anpeche nou trete done pèsonèl ou yo, eksepte pou rezon estokaj.
  • Dwa pou Pòtabilite – Ou gen dwa pou resevwa, nan yon fòma ki estriktire, ki itilize souvan epi ki ka li pa sistèm enfòmatik, done pèsonèl nou genyen sou ou yo, si nou trete yo sou baz kontra nou genyen avèk ou a, oswa avèk konsantman w, oswa pou mande pou nou transfere done pèsonèl sa yo bay yon tyès pati lè sa posib teknikman.
  • Dwa pou Retire Konsantman – Ou ka retire nenpòt konsantman ou te bay nou anvan konsènan tretman done pèsonèl ou yo nenpòt lè epi gratis. Nou pral aplike preferans ou yo alavni. Sa pa pral afekte legalite pwosesis la anvan ou te retire konsantman w lan.
  • Dwa pou Depoze yon Plent – Ou ka depoze yon plent devan yon otorite sipèvizyon pwoteksyon done, tankou nan peyi kote w rete a, kote w travay la, oswa kote ou kwè yon ensidan te rive a.
  • Dwa Kont Diskriminasyon Nou p ap fè diskriminasyon kont ou paske w egzèse dwa w yo.
  • Dwa pou Chwazi pa Resevwa Piblisite oswa Lavant  Lè lwa ki aplikab yo mande sa, ou ka mande pou nou sispann itilize done pèsonèl ou yo pou piblisite oswa pataj sible.

Dimansyon egzat dwa sa yo ka varye selon jiridiksyon an. Tanpri kontakte nou si w gen nenpòt kesyon oswa pou egzèse dwa sa yo.

Si yon lòt itilizatè ap trete oswa pataje done pèsonèl ou yo, tanpri kontakte itilizatè sa a pou mande l efase oswa korije tout done pèsonèl li te soumèt oswa pataje sou ou yo. Chak itilizatè responsab pwòp tretman yo pou nenpòt Done sou Moun Ki Vivan yo soumèt oswa pataje sou Sit entènèt la konsènan lòt moun. Ou ka kontakte nou dirèkteman tou atravè enfòmasyon kontak nou bay anba a, epi nou ka ede w korije oswa retire done pèsonèl ou yo si w mande sa.

Si ou gen pwoblèm pou modifye, efase, oswa mete ajou done pèsonèl ou yo, ou ka kontakte nou atravè enfòmasyon nou bay nan fen Avi sou Vi Prive sa a.

11. Amannman.

Yo ka amande dokiman sa a detanzantan. Ou pral resevwa enfòmasyon sou nenpòt modifikasyon atravè Sit entènèt sa a.

12. Kontakte nou.

Ou ka voye demann enfòmasyon konsènan Avi sou Vi Prive sa a oswa nenpòt lòt kesyon ou ka genyen sou fason nou trete done yo pa Imèl, faks oswa lapòs bay:

Imèl: privacy@familysearch.org
Faks:   +1-801-240-1187
Adrès postal: 
FamilySearch Data Privacy Office                
50 E. North Temple Street                
Salt Lake City, UT 84150-0005                
USA

-------------------------------------------------------------------------

Avi Siplemantè sou Vi Prive
(EEA, Latiki, Laswis, ak Wayòm Ini (EEA+))

Antre Anvigè: 24 Mas 2026

Avi sou Konfidansyalite Siplemantè sa a aplike sèlman si ou se yon moun natirèl ki twouve l nan Inyon Ewopeyèn nan, Espas Ekonomik Ewopeyen an, Latiki, Laswis, oswa Wayòm Ini. Li entegre nan Avi sou Politik Global sou Vi Prive FamilySearch la epi li fè pati l.

Avi Siplemantè sou Vi Prive sa a bay plis enfòmasyon ki espesifik pou rejyon EEA+.

1.      Baz Legal pou Tretman Done Pèsonèl yo

Si w ap viv nan EEA, Latiki, Wayòm Ini, oswa Laswis, baz legal nou genyen pou trete done pèsonèl ou yo dekri nan seksyon sa a:

  • Konsantman – Sa se ka kote w te bay konsantman w pou yo itilize done pèsonèl ou yo.
  • Kontra – Nou bezwen done pèsonèl ou yo pou nou ka ba w sèvis nou yo epi pou nou ka respekte obligasyon nou yo ki lye ak kontra nou genyen avèk ou a, tankou pou nou kreye epi sekirize kont ou a, oswa pou nou reponn kesyon w yo.
  • Enterè Lejitim – Nou gen yon enterè komèsyal lejitim pou nou trete done pèsonèl ou yo pou nou ka ba w sèvis yo. Nou itilize enterè lejitim kòm baz legal sèlman lè enterè lejitim nou yo pa ranplase dwa fondamantal ou yo ak libète w yo ki gen rapò ak vi prive ak pwoteksyon done w yo. Nou asire nou ke nou satisfè nenpòt demann ou fè pou egzèse dwa ki asosye avèk ou yo.
  • Obligasyon Legal – Nou ka gen yon obligasyon legal pou nou trete done pèsonèl ou yo, pa egzanp pou nou respekte obligasyon fiskal ak kontablite yo, epi nou ka trete done pèsonèl ou yo lè sa nesesè pou nou etabli, egzèse, oswa defann reklamasyon legal yo. Nou ka trete done pèsonèl ou yo tou lè sa nesesè pou pwoteje enterè vital ou oswa enterè vital yon lòt moun.

2.      Kontakte Responsab la

Tanpri kontakte nou antanke responsab done pèsonèl ou yo atravè privacy@familysearch.org.

3.      Ofisye Pwoteksyon Done

Ou ka kontakte Ofisye Pwoteksyon Done nou an nan:

Imèl: privacy@familysearch.org
Faks:   +1-801-240-1187
Adrès postal: 
FamilySearch Data Privacy Office                
50 E. North Temple Street                
Salt Lake City, UT 84150-0005                
USA

4.      Reprezantan Pwoteksyon Done

Ou ka kontakte Reprezantan nou pou Pwoteksyon Done a nan:
Imèl: privacy@familysearch.org
Faks:   +49 (0)69 5480 2310
Pa lapòs:         
Kirche Jesu Christi der Heiligen der Letzten Tage in Deutschland
Körperschaft des öffentlichen Rechts, 
Berner Str 119,
60437 Frankfurt am Main 
Almay 

Transfè Done Entènasyonal

Si ou ban nou done pèsonèl ou yo lè w ap itilize Sit entènèt la apati EEA, Latiki, Wayòm Ini, Laswis, oswa lòt rejyon nan monn nan kote lwa ki regle koleksyon ak itilizasyon done yo ka diferan de lwa Etazini yo, tanpri sonje w ap transfere done pèsonèl ou yo andeyò rejyon sa yo pou yo estoke yo epi trete yo Ozetazini.

Si nou transfere done pèsonèl ou yo aletranje, n ap asire ke mezi pwoteksyon apwopriye yo an plas pou bay yon pwoteksyon apwopriye pou done pèsonèl ou yo, epi n ap respekte lwa pwoteksyon done ki aplikab yo, lè n ap baze nou sou yon desizyon adekwasyon Inyon Ewopeyèn nan, Latiki, Wayòm Ini a oswa Laswis la, oswa sou pwoteksyon kontra estanda aktyèl yo pou transfè done pèsonèl ou yo oswa sou yon dewogasyon si sa disponib.

Baz legal espesifik pou transfè entènasyonal oswa transfwontalye done pèsonèl ou yo dekri nan Tretman Done w yo ak Tèm Transfè w yo ki disponib isit la.

5.      Plent

Ou gen dwa pou kontakte otorite sipèvizyon ki apwopriye a nenpòt lè pou depoze yon plent konsènan tretman done w yo. Lis otorite sipèvizyon Inyon Ewopeyèn yo twouve yo isit la. Ou ka jwenn tout lòt otorite sipèvizyon yo lè w fè yon rechèch pou jwenn paj dakèy sit entènèt yo.

-------------------------------------------------------------------------

Avi Siplemantè sou Vi Prive pou Pewou

Antre Anvigè: 24 Mas 2026

Avi sou Konfidansyalite Siplemantè sa a aplike sèlman si ou se yon moun natirèl ki twouve l nan Pewou. Li entegre nan Avi sou Politik Global sou Vi Prive FamilySearch la epi li fè pati.

Avi Siplemantè sou Vi Prive sa a bay divilgasyon lalwa Pewouvyen egzije yo.

1.      Baz Legal pou Tretman Done Pèsonèl yo

Si w ap viv Pewou, nou trete done pèsonèl ou yo sou baz legal sa yo:

Konsantman Enfòme: Lè nou jwenn done pèsonèl yo dirèkteman nan men w, nou jwenn konsantman enfòme w la lè ou kreye yon kont sou Sit entènèt nou an, lè w telechaje done pèsonèl sou Sit entènèt nou an, oswa lè w soumèt done pèsonèl ou yo bay FamilySearch yon lòt fason.

2.      Egzistans ak Idantifikasyon Bank Done a

Yo pral estoke done pèsonèl ou yo nan baz done ki an sekirite ki sou Sit entènèt la, ke yo itilize pou fè fonksyone, fè antretyen, ak bay sipò pou sèvis sa a.

3.      Enskripsyon

Nan Pewou, yo te deklare bay Otorite Nasyonal pou Pwoteksyon Done Pèsonèl yo ki baz done pèsonèl kote done pèsonèl ou yo estoke yo, lè yo te enskri l nan Rejis Nasyonal pou Pwoteksyon Done Pèsonèl yo sou non: «WEBSITE USERS» ak kòd: EE-2025-4. Nenpòt tretman done pèsonèl fèt selon lwa Pewouvyen ki aplikab yo, ki gen ladan Lwa n° 29733 (Lwa sou Pwoteksyon Done Pèsonèl yo) ak règleman l yo.

4.      Dwa Ou Yo ak Fason pou Egzèse Yo

Anplis de dwa ki endike nan Seksyon 10 Avi sou Politik Global sou Vi Prive FamilySearch la, si w ap viv Pewou, ou gen dwa pou: (i) anpeche divilgasyon done pèsonèl ou yo, (ii) mande reparasyon jan sa prevwa nan Lwa sou Pwoteksyon Done Pèsonèl la, (iii) pa tonbe anba priz desizyon otomatik, epi (iv) resevwa dedomajman, dapre Atik 19–21 ak 24–25 LPDP a. Ou ka egzèse dwa sa yo konsènan done pèsonèl ou yo lè w itilize pwosedi ki dekri nan Seksyon 10 nan Avi sou Politik Global sou Vi Prive FamilySearch la https://www.familysearch.org/legal/privacy.