Tèm ak Kondisyon Sèvis Tèks Mesaj yo
Mizajou 31 out 2021
Deskripsyon Pwogram nan
FamilySearch.org ofri yon sèvis mesaj tèks ki pèmèt ou resevwa enfòmasyon sou zansèt ou yo, ansanm ak nouvèl ak konsèy itil. Ou ka resevwa konsèy sou achiv, enfòmasyon sou dekouvèt ki fèt sou zansèt ou yo lè enfòmasyon sa yo disponib, ansanm ak lòt nouvèl itil, tankou enfòmasyon sou nouvo achiv oswa konsèy sou jeneyaloji. Lè ou enskri nan sèvis la, ou pral resevwa yon mesaj konfimasyon nan men FamilySearch.org. Frekans mesaj yo ka varye. Lè ou enskri, ou konfime ou gen plis pase 13 an.
Pri
FamilySearch.org pa fè w peye okenn frè pou w enskri nan sèvis alèt pa tèks la. Sepandan, founisè sèvis mobil ou a ka fè w peye frè pou mesaj ak done. Frè pou mesaj ak done yo ka aplike pou tout mesaj nou voye ba ou ak tout mesaj ou voye ba nou. Si w gen kesyon sou mesaj tèks ou resevwa oswa sou plan done w, nou konseye w kontakte founisè sèvis mobil ou a.
Enfòmasyon sou fason pou dezabòne
Ou ka dezabòne nan sèvis mesaj tèks sa a nenpòt ki lè lè w voye mo STOP nan yon mesaj tèks. Lè w fè demann sa a, ou p ap resevwa lòt mesaj tèks nan men FamilySearch.org.
Enfòmasyon sou èd
Pou jwenn plis enfòmasyon, voye mo HELP nan yon mesaj tèks, epi w ap resevwa yon repons ki gen enfòmasyon sou fason pou kontakte nou.
Founisè sèvis mobil yo
Sèvis MMS la pa disponib sou rezo tout founisè sèvis mobil yo. Mesaj erè tankou « aksè refize » ak « sèvis pa disponib » souvan se akòz fonksyon blokaj mesaj endezirab (spam) ki aktive sou liy telefòn endividyèl yo. Tanpri kontakte founisè sèvis mobil ou a pou nenpòt kesyon konsènan erè sa yo.
Tanpri sonje founisè sèvis mobil yo pa responsab pou mesaj tèks ki rive anreta oswa ki pa rive. Gen kèk founisè sèvis mobil ki ka voye mesaj yo lè yo itilize yon kòd kout oswa yon nimewo telefòn espesyal ki pèmèt voye ak resevwa mesaj.
Konfidansyalite
Si w gen kesyon konsènan konfidansyalite, tanpri vizite : https://www.familysearch.org/legal/privacy.
Done yo kolekte nan kad pwogram kòd kout la p ap pataje avèk okenn moun ki pa patisipe nan pwogram nan pou rezon maketing.
Èd ak enfòmasyon pou kontakte nou
Pou kesyon sou sèvis nou yo, tanpri vizite : https://www.familysearch.org/help/helpcenter/.