Patwonaj Legliz la
nan FamilySearch

Konekte Jenerasyon yo
Santiman koneksyon familyal yo ka ede nou simonte monte desann yo nan lavi a. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo finanse FamilySearch pou ede moun jwenn fòs nan relasyon familyal yo—pase, prezan, ak fiti. Ou kapab aprann plis sou ansèyman Legliz yo konsènan fanmi yo nanComeuntoChrist.org.

Kisa Sa Vledi pou Ou
Enfòmasyon pèsonèl oswa familyal ou ajoute nan FamilySearch yo sèvi pou ede w dekouvri, prezève, ak pataje istwa familyal ou. Nou pa p janm vann li bay lòt konpayi. Enfoòmasyon sou fanmi ki vivan yo rete prive pou ou, pandan n pataje detay jeneyaloji zansèt ou yo avèk lòt chèchè nan kominote Ab Jeneyalojik Familyal a.

Amelyore Lavi Chak moun
Istwa familyal ka vin yon sous enspirasyon, lajwa, gerizon, klète, senpati, ak lapè. Nou espere ke tout moun nan mond lan ka fè eksperyans santiman sa yo nan lavi yo pandan y ap kontinye oswa kreye tradisyon familyal ki selebre zansèt yo.