Kreye yon
ab familyal
Ou ta renmen konnen eritaj ou? Kòmanse fè rechèch sou zansèt ou yo GRATIS nan kominote ab familyal mondyal la. Konekte kounye a—nou ka deja gen detay sou fanmi w.

Kijan sa mache
Etap 1:
Konekte epi ajoute sa w konnen.
Konstriktè ab familyal otomatik la ap ede w pandan w ap fè sa. W ap kòmanse kote w ap ajoute paran ak granparan ou yo. Pa enkyete w—tout enfòmasyon konsènan moun ki vivan yo rete prive.
Etap 2:
N ap chèche koneksyon familyal ou yo.
Pandan w ap ajoute enfòmasyon, sistèm nan ap kòmanse chèche manm fanmi w nan ab familyal mondyal la, ak nan rejis istorik, tankou akdenesans ak sètifika desè.
Etap 3:
Gade ab familyal w lan k ap grandi!
Ab familyal kominotè a pral alimante dekouvèt fanmi yo pandan l ap ajoute nouvo branch nan ab jeneyalojik ou a. Pandan ab familyal ou a ap grandi, w ap aprann plis sou fanmi w epi w ap santi w gen plis koneksyon avèk lepase w.
Kòmanse Ab Familyal Ou a
Poukisa pou w Itilize ab familyal ki pataje nan FamilySearch la?
Esplwate puisans yon ab familyal mondyal, ki gen anpil moun k ap alimante l pou dekouvri istwa fanmi w.
Pi Gwo Abjeneyaloji Familyal Anliy nan Mond lan
Moun ki kòmanse yon Abjeneyalojik Familyal nan FamilySearch yo pa jis ap kole istwa fanmi yo ansanm—men, y ap kontribye nan kreyasyon yon abjeneyalojik global, inifye pou limanite tou.
Pataje e Fasilman Aksesib
Ab familyal pataje FamilySearch la gen yon pwofil piblik pou chak moun ki mouri, li kreye yon sèl espas pou tout enfòmasyon ki pataje yo olye ke li dispèse l atravè plizyè ab familyal. Sa ogmante konfidansyalite tou.
Kreye Ab Familyal ou a avèk Fasilite
Lè w fin ajoute yon fanmi ki desede nan ab familyal la, FamilySearch apral eseye konekte w avèk tout enfòmasyon li genyen sou moun sa a nan bazdone l la. Si l ta jwenn youn ki koresponn, FamilSearch ka prezante enfòmasyon an otomatikman, pou epanye w anpil tan!
Kolabore avèk Lòt Moun
Ab Familyal FamilySearch la pèmèt tout desandan pataje enfòmasyon ke lòt moun ka pa konnen epi ajoute sous yo pou konfime ke enfòmasyon an kòrèk. Rezilta global yon abjeneyalojik ki pataje e ki gen bon sous ka vin pi konplè ak pi presi pase abjeneyalojik endividyèl yo.
Konekte avèk Lòt Manm Fanmi
Travay ansanm sou yon ab familyal global la ede desandan w yo konekte youn ak lòt tou. Ou ka jwenn yon fanmi ki te vizite menm tonb yo, poze menm kesyon konsènan—e menm aprann renmen oswa admire—menm zansèt yo.
Eseye li kounyeya
Kòmanse avèk sa ou konnen. N ap ede w ranpli espas vid yo.
Kisa yon ab familyal ye?
Definisyon:
Yon ab familyal se yon reprezantasyon vityèl yon fanmi pwolonje ki baze sou non, dat, espas ak relasyon. Li montre fason moun konekte atravè diferan jenerasyon.
Li plisKesyon yo poze souvan
Abjeneyalojik FamilySearch la
Ou kapab itilize l gratis epi li fasil pou kòmanse. Gen dekouvèt k ap tann ou.
